Konsiltasyon an Kreyòl Ayisyen
Pou mwen: li vrèman enpotan pou m bay ayisyen yo posibilite pou yo jwenn bonjan konsèy pou amelyore sante yo ak bagay natirèl nan lang manman yo .
Pou pran randevou avè m, ou met jis voye m yon imèl oswa yon teksto. W ap jwenn jwenn tout kowòdone m yo pi ba.
W a ban mwen disponibilite w yo ak enfòmasyon sou ou (Non w, telefòn oswa imèl ou).
Nòmalman, m ka reponn ou lapoula oubyen nan 2 jou pou pita.
Mete sou sa, ou ka fè konsiltasyon pa telefòn oswa avèk WhatsApp, Telegram, "ZOOM" ak " Google Meet".
Konsiltasyon m yo pap ranplase konsiltasyon doktè yo. Pou jwenn plis enfòmasyon sou kalifikasyon m yo, tanpri al nan katégori "Mes Formations".